Bak Middle School of the Arts - msoa.palmbeachschools.org · elèv ki pral sou lis datant lè...

17
Bak Middle School of the Arts Ane Lekòl 2020 Direktiv pou Admisyon ak Odisyon Elèv k ap aplike pou ane akademik 2019-2020 Sally Rozanski Direktris Lee L. Glaze Kowòdonatè Pwogram Espesyalizasyon 1725 Echo Lake Drive West Palm Beach, FL 33407 Telefòn 561-882-3819 Faks 561-882-3873 www.msoa.com or https://msoa.palmbeachschools.org The Dept. of Multicultural Education Translation Team certifies that this is a true and faithful translation of the original document. (561) 434-8620 September 2018 SY181325

Transcript of Bak Middle School of the Arts - msoa.palmbeachschools.org · elèv ki pral sou lis datant lè...

Bak Middle School of the Arts

Ane Lekòl 2020

Direktiv pou Admisyon ak

Odisyon Elèv k ap aplike pou ane akademik 2019-2020

Sally Rozanski Direktris

Lee L. Glaze Kowòdonatè Pwogram Espesyalizasyon

1725 Echo Lake Drive

West Palm Beach, FL 33407

Telefòn 561-882-3819

Faks 561-882-3873

www.msoa.com

or

https://msoa.palmbeachschools.org

The Dept. of Multicultural Education Translation Team certifies that this is a true and faithful translation of the original document. (561) 434-8620 – September 2018 – SY181325

The Dept. of Multicultural Education Translation Team certifies that this is a true and faithful translation of the original document. (561) 434-8620 – September 2018 – SY181325 1

Admisyon pou Ane Eskolè 2020

Tanpri, li tout pake sa a konplètman.

Pou yo kalifye pou vin fè pati Lekòl Entèmedyè Atizay Bak (MSOA), elèv ak fanmi yo dwe soumèt yon aplikasyon bay Depatman Pwogram Espesyalizasyon ak Opsyon Karyè Distri Lekòl Rejyon Palm Beach nan dat limit la EPI reyisi tès odisyon pou youn nan pwogram atizay MSOA Bak yo. Elèv aplikan an ak paran/responsab la dwe abite nan Rejyon Palm Beach aplentan pou li kapab aplike. Bak MSOA konsidere admisyon pou elèv klas sizyèm, setyèm ak uityèm ane yo ; sepandan, Majorite plas ki genyen yo se pou elèv k ap antre nan klas sizyèm ane. Tanpri, suiv avèk atansyon pwosesis yo dekri nan paj apre yo. W ap jwenn tout detay sou pwosesis pou aplikasyon nan Bak MSOA nan etap sa yo : 1. Voye yon aplikasyon avan oswa nan vandredi 7 desanm 2018, Aplikasyon yo disponib

sou entènèt nan www.mypbchoiceapp.com. Yo ankouraje apliksayon sou entènèt anpil epi ou resevwa yon resi konfimasyon pa imèl nan menm moman an. Tanpri, kenbe tout enfòmasyon sou entènèt yo pou itilize alavni nan Sistèm Jesyon Aplikasyon an (Application Management System). Si pa gen konpitè ki disponib nan kay la, tanpri vizite bibliyotèk nan zòn nan oswa lekòl pitit ou a. Ale nan manyèl Pwogram Espesyalizasyon an pou plis detay.

2. Prepare w pou fè odisyon daprè gid pou chak matyè boza ki nan Gid enfòmasyon Enskripsyon ak Odisyon yo. Elèv yo ta dwe prepare pou odisyon depi 19 Janvye 2019.

3. Vini enskri pou odisyon nan youn nan sesyon nan Bak MSOA samdi 12 Janvye

2019. (Gade nan paj 3 pou detay sou orè yo). Pandan sesyon enskripsyon sa a y ap ba ou yon randevou pou odisyon an. Pou fè odisyon, ou dwe resevwa yon randevou pou odisyon lè Enskripsyon Odisyon an.

4. Vini fè odisyon ou 30 minit avan lè randevou a. Odisyon yo ap dewoule apati 19 janvye

2019. Si yon elèv ta malad epi li pa kab vin nan dat odisyon yo bali a, li dwe bay lekòl la yon lèt doktè kòm prèv nan twa (3) jou apre dat randevou odisyon an.

Si gen lòt dat odisyon ki disponib, lekòl la ap plase yon lòt randevou odisyon pou elèv la. Pap gen rezon pou yon apèl pou maladi ki pat revele nan moman odisyon elèv la. Elèv ki pa t patisipe nan odisyon avan orè lotri a an Mas p ap kalifye pou pwosesis seleksyon lotri avan an.

Kandida yo pral resevwa repons nan dat 29 mas 2019, konsènan akseptasyon elèv la oswa sitiyasyon l sou lis datant. Yap resevwa notifikasyon an pa pita pase dat sa a. Gen kèk elèv ki pral sou lis datant lè demand elèv kalifye yo depase kantite plas ki disponib. Y ap chwazi elèv yo sou baz tiraj osò osito gen plas ki disponib.

Pwosesis Apèl : Paran ki kwè yo pat bay pitit yon opòtinite ekitab pandan odisyon pou lekòl oswa pwogram espesyalizasyon an oswa nan pwosesis pou kalifikasyon akòz yon pwoblèm teknik oswa enjistis kapab fè apèl. Paran an dwe soumèt yon aplikasyon apèl konsènan kalifikasyon nan pwogram espesyalizasyon (Fòm #PBSD 2418) bay direktè Pwogram Espesyalizasyon ak opsyon karyè a nan espas 5 jou lekòl apati jou odisyon. Règleman 5.016 ki dekri nan Manyèl Pwosedi Distri a pou Pwogram Ochwa Dirije Pwosesis Apèl la. Pou plis enfòmasyon, tanpri ale sou sit entènèt Pwogram Espesyalizasyon ak Opsyon Karyè a nan :

www.palmbeachschools.org/choiceprograms

Yo dwe soumèt aplikasyon avan oswa 7 desanm 2018 pou Bak MSOA.

Y ap resevwa aplikasyon anreta yo nan Depatman Pwogram Espesyalizasyon ak Opsyon Karyè aprè dat 7 desanm 2019. Men, yo PA P enkli yo nan Seleksyon Lotri mwa mas 2018 la epi li kapab antre sou lis la SÈLMAN aprè yo fin plase tout aplikan sou lis datant la.

Aplikasyon pou Pwogram Espesyalizasyon yo disponib apati 1ye novanm 2018:

Nou ankouraje aplikasyon sou entènèt anpil; yo kapab soumèt yo nan adrès: www.palmbeachschools.org/choiceprograms

Y ap voye yon imèl konfimasyon ba ou imedyatman. Anplis, nou sijere pou aksede ak paj aplikasyon w nan pou verifye seleksyon chwa pwogram ou yo anvan dat limit 7 desanm 2018 la.

OSWA

Enprime yon kopi sou sit entènèt www.palmbeachschools.org/choiceprograms, konplete epi poste li (ou dwe voye li pa pita pase 7 desanm 2018) oswa delivre li avan 4:00 pm 7 desanm 2018 bay Depatman Pwogram Espesyalizasyon ak Opsyon Karyè nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ki lokalize nan 3308 Forest Hill Boulevard, suite C -124, West Palm Beach, FL 33406 - Telefòn: (561) 434-8755. Depatman Pwogram Espesyalizasyon ak Opsyon Karyè PA responsab pou okenn aplikasyon yo pa resevwa akoz yon erè oswa livrezon anreta ki soti nan Biwo Lapòs.

Ranpli ak Soumèt yon Aplikasyon: Chak elèv dwe soumèt yon sèl aplikasyon. Pou aplikasyon sou entènèt, elèv la kapab fè

yon sèl chanjman avan 7 desanm 2018. Yo pap pèmèt okenn chanjman apre yon elèv

fin soumèt yon aplikasyon sou papye.

Y ap pèmèt youn oswa de (2) chwa sou chak aplikasyon epi yo dwe klase kòm premye ak dezyèm preferans. Premye ak dezyèm chwa, PA gen menm chans pou yo seleksyone.

Elèv ak paran/responsab dwe abite aplentan nan Rejyon Palm Beach nan moman yo soumèt aplikasyon an.

Adrès ki nan aplikasyon an dwe matche ak adrès ki nan baz done elèv Distri a (TERMS) pou yon elèv ki nan lekòl piblik Rejyon Palm Beach. Gade nan paj 13 pou detay.

Daprè lwa Florida, Seksyon 92.525 ak anba penalite kont fo deklarasyon, paran/responsab yo ap siyen aplikasyon an pou sètifye enfòmasyon yo mete nan aplikasyon an vre epi kòrèk.

Nimewo Kontak Enpòtan pou BAK MSOA :

Biwo Admisyon (561) 882-3819

Elèv ESE, ELL ak 504 kapab jwenn akomodasyon nan tout Pwogram

Espesyalizasyon ki genyen epi n ap ankouraje yo pou aplike. Distri lekòl la entèdi diskriminasyon kont kèlkeswa elèv k ap aplike a sou baz relijyon, ras, gwoup etnik, nasyonalite, koulè po, sèks, kondisyon matrimonyal, laj, kondisyon parantal ak andikap, nan kèlkeswa pwogram, aktivite oswa sèvis l ap bay yo. Se responsablite paran/responsab legal pou soumèt plan akomodasyon IEP, ELL, 504 elèv la nan Bak MSOA nan moman enskripsyon pou odisyon nan dat 12 janvye 2019.

TOUT ELÈV DWE PASE YON ODISYON PÈFÒMANS avan yo kapab konsidere yo elijib pou antre nan Lekòl Entèmedyè Boza BAK. Plis elèv la nan pi gran klas, plis nòt

kalifikasyon odisyon li dwe wo.

Pou plis enfòmasyon sou Pwogram Chwa Espesyalizasyon ak Chwa Karyè, tanpri, ale

nan: www.palmbeachschools.org/choiceprograms

The Dept. of Multicultural Education Translation Team certifies that this is a true and faithful translation of the original document. (561) 434-8620 – September 2018 – SY181325 3

Dat Enskripsyon pou Odisyon Nan Lekòl BAK MSOA

Pou Admisyon Ane Akademik 2019 - 2020

Enskripsyon pou odisyon an se yon sesyon apa pou aplikan yo resevwa yon randevou pou odisyon! Yon paran, responsab oswa yon granmoun ki reprezante elèv la DWE vini lekòl la pou pran randevou pou odisyon an! Li pa nesesè pou telefone davans epi elèv yo pa bezwen prezan nan Enskripsyon pou Odisyon an. Elèv yo ta dwe pare pou vin nan odisyon an bonè depi 19 janvye 2019.

Dat Sesyon Enskripsyon pou Odisyon yo se Samdi 12 janvye 2019 :

Elèv ki gen siyati yo kòmanse pa lèt “M” jiska “Z” 9:00 - 11:00 a.m. Elèv ki gen siyati yo kòmanse pa lèt “A” jiska “L” 12:00 - 2:00 p.m.

Y ap bay randevou odisyon yo nan yon pwosesis kontinyèl, donk, ou kapab rive nan Bak MSOA nenpòt lè pandan sesyon anwo yo.

Elèv ESE /504/ELL:

Si pitit ou a genyen yon plan IEP oswa 504 pou kounye a, pote yon kopi nan Sesyon Enskripsyon Odisyon an, yon fason pou jwenn akomodasyon. Paran yo ap bezwen fè yon kanpe bò tab ESE a nan dat sa a pou ankontre avèk yon reprezantan. Yo mande tout Elèv ELL yo pou pase bò tab ELL la pandan Sesyon Enskripsyon pou Odisyon an pou kapab mande yon entèprèt.

Si ou pa aksepte akomodasyon yo ofri nan moman odisyon an, lè akomodasyon nesesè, ou P AP kapab fè reklamasyon.

Elèv lekòl prive ki pa genyen plan IEP Distri a oswa Plan 504 Distri a kapab mande akomodasyon ki posib pou odisyon an si paran an bay lekòl la dokimantasyon apwopriye sou andikap elèv la nan moman sesyon enskripsyon odisyon an. Paran elèv ki gen Talan Espesyal yo PA bezwen pote Plan Edikatif Elèv (EP) la nan sesyon enskripsyon odisyon an.

The Dept. of Multicultural Education Translation Team certifies that this is a true and faithful translation of the original document. (561) 434-8620 – September 2018 – SY181325 4

Pwosesis Odisyon pou Admisyon

Ane 2020

Tout seyans odisyon yo ap dewoule nan lokal lekòl Bak MSOA. Paran k ap mennen pitit yo nan odisyon dwe rive trant minit avan lè randevou a nan dat yo te prevwa a; sepandan, yo pa kapab akonpaye pitit yo nan sal odisyon an. Se responsablite paran an pou fè sèten tout enstriman ak CD yo an bon eta fonksyònman. Le elèv la kòmanse oswa kontinye avèk yon odisyon, paran yo aksepte pitit yo a pa malad epi li kapab pèfòme.

Tout elèv kap aplike nan Bak MSOA dwe satisfè kritè elijiblite Distri a ak lekòl la epi ranpli kondisyon kalifikasyon yo, atravè pwosedi odisyon Bak MSOA, pou yo kapab fè pati sistèm lotri pou mwa mas la pou admisyon nan lekòl la. Yo mande pi gwo nòt elijiblite odisyon pou klas ki pi wo yo. Bak Middle School of the Arts ap voye rezilta odisyon sèlman si yo te resevwa yon lèt pa ekri ansanm avèk yon anvlòp postal peye nan biwo Magnet Office avan oswa vandredi 12 avril 2019.

Genyen anpil moun nan lekòl aktyèl pitit ou a ki kapab gide epi ede elèv yo pandan y ap prepare pou odisyon yo. Pale avèk pwofesè atizay ak mizik yo, espesyalis bibliyotèk, konseye pedagojik, ak pwofesè lang ou a. Si w genyen kesyon, rele Bak MSOA nan (561) 882-3819.

Nan paj ki vin aprè yo, genyen kondisyon espesifik pou odisyon nan chak matyè atizay. Tanpri, pran san w pou w li yo, yon fason pou pitit ou byen prepare pou odisyon li. Yo sèvi avèk yon ribrik pou bay nòt pou odisyon. Elèv ki byen prepare avèk tout kondisyon obligatwa pou pase odisyon an epi ki byen motive pou antre nan Bak MSOA ap kontan fè eksperyans odisyon an.

Pou Aplikasyon Pwogram Chwa Espesyalizasyon, Livrè Pwogram Chwa a, Manyèl Règleman Pwogram Chwa a ak enfòmasyon adisyonèl, tanpri ale nan:

www.palmbeachschools.org/choiceprograms

Pou enfòmasyon sou lòt Pwogram Espesyalizasyon nan Rejyon Palm Beach:

Imèl: [email protected]

Kontinye li pou jwenn plis detay enpòtan

sou pwosesis odisyon an.

The Dept. of Multicultural Education Translation Team certifies that this is a true and faithful translation of the original document. (561) 434-8620 – September 2018 – SY181325 5

Odisyon pou Kominikasyon

Kourikoulòm kominikasyon Bak MSOA gen ladan: disètasyon kreyatif, jounalis, jounal ak piblikasyon albòm pwomosyon, difizyon nan radyo ak televizyon, pwodiksyon videyo, komèsyalizasyon/piblisite/relasyon piblik, medya dijital, epi diskou ak deba. Nan odisyon an, elèv yo gen pou akonpli travay sa yo:

1. Disètasyon- Pandan odisyon an, elèv yo ap gen kenz minit pou ekri yon istwa tou kout yo imajine daprè yon foto y ap bayo. Y ap bay papye ak kreyon nan klas la. Nòt: korektè yo ap evalye disètasyon an baze sou kreyativite, teknik konpozisyon fiktif, kontni naratif, konsantrasyon, òganizasyon, vokabilè ki vif, ak detay ki sipòte ide yo.

2. Pale an piblik- Pandan odisyon an elèv yo pral prezante oralman pandan yon minit, yon diskou orijinal yo te memorize epi kreye sou nenpòt topik. Yo dwe pare diskou a avan odisyon an. Aplikan an dwe pote yon kopi diskou a ki ekri alamen nan odisyon an.

Nòt: jij yo ap evalye Diskou Prepare a baze sou òganizasyon; ekspresyon vokal ki enkli klète diskou a, volim ak estil pale ki byen defini; jès, ekspresyon fasyal, langaj kòporèl; antouzyas; ak ratrapaj. Elèv ki soumèt yon kopi sou papye diskou a ap jwenn pwen. 3. Analiz Medya ak Revi Kritik- Pandan odisyon an, elèv la ap kòmante sou yon ekstrè videyo yo te gade DE (2) FWA pandan odisyon an. Apre sa, y ap bayo twa minit pou yo note obsèvasyon yo. Elèv yo pral pataje obsèvasyon yo avèk jij yo endividyèlman. Y ap bay papye ak kreyon nan klas la. Nòt: Korektè yo ap evalye Analiz Medya ak Revi Kritik la baze sou deskripsyon konplè epi detaye elèv la fè sou sijè a ak/oswa eleman ki te parèt nan videyo a. Elèv la dwe demontre atansyon ak detay (tout sa li te wè ak tande) epi konpreyansyon nan teknik fè fim, ki genyen ladan li, limyè, mizik, efè sonò, ang kamera, ak konpòtman pèsonaj. SUIV EKSPLIKASYON YO: Elèv yo dwe prepare pou koute avèk atansyon epi suiv direksyon yo ba yo nan odisyon yo.

The Dept. of Multicultural Education Translation Team certifies that this is a true and faithful translation of the original document. (561) 434-8620 – September 2018 – SY181325 6

Odisyon pou Dans

Klas dans 6yèm ane Bak MSOA a genyen balè ak dans modèn ladan; klas dans 7yèm ak 8yèm ane yo genyen balè, dans modèn ak dyaz.Tout dansè yo ap patisipe nan omwen yon klas dans pa jou.

Nan odisyon an, elèv yo gen pou yo konplete tach sa yo:

1. Patisipe nan yon klas dans ki enkòpore balè ak dans modèn. Evalyasyon ap baze sou abilte teknik kandida a, aliyman, kalite mouvman, mizikalite, fleksibilite, konsantrasyon, abilite pou aplike koreksyon, ak potansyèl jeneral. Kote yo pa mande pou te genyen antrènman avan, yo mande pou genyen aptitid pou dans ak bon fòm fizik.

2. Egzekite yon solo dans ki prepare ki pa dire pi long pase yon minit. Elèv la ap gen pou egzekite solo dans sa a pou kont li devan jij yo. Yo p ap aksepte ni vètman espesyal ni akseswa oswa lòt dekorasyon. Solo dans la dwe mete aksan sou pi gran abilte dansè a genyen. Pa bliye vire, sote ak chanje nivo yo. Tanpri, itilize tout espas estidyo a ak kò w. Evalyasyon an baze sou teknik, kalite mouvman, mizik ak ekspresyon. Pinga mamote mizik la.

Abiman yo sijere : Tifi ta dwe mete mayo kolan koulè ini ak pantalon kolan oswa ba ki pa kouvri pye yo. Mare cheve yo ale sou dèyè an chou. Tigason ta dwe mete mayo blan oswa nwa ak kolan pou dans. Elèv ki gen soulye balè sipoze mete yo. Tout elèv sipoze prepare yo pou mache pye atè. Pa mete jip, abako oswa bijou.

Mizik: Kandida yo sipoze pote yon CD ak mizik pa yo, ki gen nimewo mizik li chwazi a ekri sou li. Si CD a se yon kopi, fè sèten li byen prepare pou jwe nan lektè CD a. Yo kapab sèlman jwe lektè MP3 ak telefòn si chante a telechaje, pa sou entènèt, epi li replike san yon modpas. Estaf ak volontè nan Bak MSOA pa responsab pou sekirite aparèy sa yo.

Estidyo dans: 30’ x 40’ avèk yon sifas dans “marley” (ki fèt avèk vinil) epi yon mi fasad ki kouvri ak miwa. Yo pral itilize bawo dans balè ki bò yon mi ak bawo metal pòtatif nan yon pati klas la.

The Dept. of Multicultural Education Translation Team certifies that this is a true and faithful translation of the original document. (561) 434-8620 – September 2018 – SY181325 7

Odisyon pou Mizik

Fanfa, Enstriman akòd, Vokal & Pyano

Elèv yo ap genyen pou pote pwòp enstriman mizik yo pou odisyon y ap fè pou fanfa ak pou enstriman akòd. Pou odisyon vokal, elèv yo kapab pote yon CD pou akonpayman enstrimantal. Y ap bay pyano ak enstriman bas akòd. Bak MSOA pa ofri enstriksyon pou tout entrisman mizikal yo, pa konsekan elèv ki aplike dwe pase odisyon avèk yon enstriman ki nan lis anba la nan seksyon òkès ak enstriman akòd la. Pa egzanp, elèv p ap kapab sèvi ak gita, klòch amen oswa enstriman yo pa jwe nan òkès.

Fanfa (Bras, Pèkisyon ak Enstriman avan)

Elèv yo kapab odisyone avèk enstriman konsè òkès ki nan lis sa a:

Flit Piccolo Oboe Klarinèt Klarinèt Bas Bassoon Saksofòn Alto Saksofòn Tenò Saksofòn Bariton “French Horn” Twonpèt “Baritone/Euphonium” Twonbòn Tuba Pèkisyon (gade anba a) *

Nan odisyon an, elèv yo gen pou yo konplete tach sa yo :

1. Jwe yon solo ki montre pi wo nivo abilte yo. Yo p ap aksepte yon akonpayatè. Elèv yo dwe pote de (2) kopi patisyon mizik yo pou jij yo.

*NÒT: Pèkisyon/Tanbou: Elèv yo ap egzekite yon solo ki montre ki pi wo nivo abilte yo sou yon tanbourin ak enstriman pèkisyon yo jwe ak mayèt (Xylophone/Marimba). Elèv ap bezwen pote pwòp tanbourin yo, baton, mayèt, ak enstriman ki jwe ak mayèt. Bak ap genyen Xilophone/Marimba disponib pou odisyon an, si yo ta bezwen. Kòm elèv yo dwe pase odisyon pèkisyon avèk yon sèl tanbourin, elèv yo PA dwe pote yon je batri.

2. Kondisyon Odisyon gen ladan yo tou:

reponn kesyon, oralman, sou rekonesans nòt pa rapò ak pwòp kle yo,

nòt, ak valè mezi silans yo.

koute yon gwoup 3-4 son sou pyano a epi chante yo aprè;

fè yon gam majè li chwazi

li mizik

Yo pral evalye elèv yo daprè presizyon son, kalite ton, presizyon ritmik, ekspresivite, teknik, lekti mizik, matche ton, efè mizikal ak abilite pou pwodui yon gam majè.

The Dept. of Multicultural Education Translation Team certifies that this is a true and faithful translation of the original document. (561) 434-8620 – September 2018 – SY181325 8

Kòd (Vyolon, Vyolon alto, Vyolonsèl, ak Bas)

Elèv kapab odisyone avèk enstriman akòd sa yo:

Vyolon Vyolonsèl

Vyola Kontrebas

Nan odisyon an, elèv yo gen pou yo konplete tach sa yo:

1. Jwe yon solo ki montre pi wo nivo abilte yo. Yo p ap aksepte yon akonpayatè. Elèv yo dwe pote de (2) kopi patisyon mizik yo a pou jij yo.

2. Kondisyon Odisyon gen ladan yo tou:

reponn kesyon, oralman, sou rekonesans nòt pa rapò ak pwòp kle yo,

nòt, ak valè mezi silans, ak senbòl mizikal.

koute yon gwoup 3-4 son sou pyano a epi chante yo aprè; fè yon gam majè aplikan an chwazi, youn oswa de (2) oktav ;

Li mizik Yo pral evalye elèv yo daprè presizyon son, kalite ton, presizyon rit la, ekspresivite, teknik, lekti, matche ton, efè mizikal ak abilte pou pwodui yon gam majè.

Vokal

Nan odisyon an, elèv yo gen pou yo konplete tach sa yo:

1. Egzekite yon solo yo te aprann pa kè*. Elèv yo DWE pote de (2) kopi patisyon mizik la pou jij yo. Yo pral evalye elèv yo daprè abilte vokal yo, jan ton an matche (tande yon seri 3-5 son nan pyano a epi chante yo aprè), presizyon son nan solo, presizyon ritmik, kalite ton, ekspresivite, ak efè mizikal.

Akonpayman: Elèv yo kapab chante avèk, oswa san akonpayman. Si yo vle akonpayman, li dwe sou CD. Elèv yo dwe chante ak CD ki pa gen vwa anrejistre sou li.

Tanpri, konprann elèv la pa oblije fin jwe tout solo a pou jij yo fè evalyasyon an.

*Ou kapab achte liv yo sijere pou tès odisyon vokal la nan magazen mizik nan rejyon an; liv yo enkli:

(Sa yo se sijesyon sèlman, yo pa obligatwa) Folk Songs for Solo Singer, Volumes 1 & 2 - Jay Althouse

The Young Singer – Richard Row

Easy Songs for the Beginning Soprano, Volume 1

Easy Songs for the Beginning Mezzo-Soprano, Volume1

Easy Songs for the Beginning Tenor (for boys with changed voices only), Volume 1

Easy Songs for the Beginning Bass, Volume 1

Tout sa ki site nan lis sa a la disponib sou fòm CD pou repetisyon ak pèfòmans.

The Dept. of Multicultural Education Translation Team certifies that this is a true and faithful translation of the original document. (561) 434-8620 – September 2018 – SY181325 9

Pyano

Yo pral evalye elèv yo daprè presizyon son, kalite ton, presizyon ritmik, ekspresivite, teknik, lekti, matche ton, efè mizikal ak abilte pou pwodui yon gam majè ak apèj.

Y ap bay pyano/klavye pou odisyon an. Li rekòmande pou elèv yo pote youn ou de (2) liv orijinal mizik yo nan odisyon an.

Nan odisyon an, elèv 6yèm ane k ap aplike pral konplete tach sa yo:

1. Kondisyon teknik: yon gam mizikal, yon apèj ak yon egzèsis Hanon

a. Prepare gam ak apèj yo pou G Majè, D Majè, A Majè, E Majè, F Majè, Bb Majè ak Eb Majè. Korektè yo pral chwazi yon gam kle nan sèt ki site anwo la a. Gam ak apèj ki koresponn ak li dwe egzekite avèk de (2) men ansanm, ak omwen de (2) oktav.

2. Kondisyon pou repètwa: de (2) pyès opoze, yon Baroque, ak yon klasik, yo pa dwe repete okenn fraz mizikal pandan odisyon an.

a. Egzekite yon moso Baroque- Yo pa bezwen memorize l

Nòt: Nou sijere yon moso nan peryòd Baroque nan liv ki anba yo

Short Preludes–J.S. Bach

Two-part Inventions – J.S. Bach

b. Egzekite yon moso klasik, de memwa

Nòt: nou sijere premye mouvman yon pyès peryòd klasik nan sa ki anba la a:

Sonatinas Op.36 – #2, #4 oswa #6 Clementi

Sonatinas Op. 151 – A. Diabelli

Sonatinas Op.20 – F. Kuhlau

Sonatinas in C Major Hob. XVI/35

3. Lekti Patisyon: y ap bay elèv la fèy patisyon mizik la nan odisyon an

Nan odisyon an, elèv 7yèm ak 8yèm ane k ap aplike pral akonpli travay sa yo:

1. Egzijans teknik: yo dwe prepare tout gam Majè yo ak Minè amonik yo ak apèj yo, egi ak bas. Jij yo pral chwazi youn nan gam sa yo. Gam ak apèj ki koresponn ak li dwe egzekite avèk de men ansanm, ak omwen de oktav.

2. Egzijans repètwa: de (2) pyès opoze, yon Baroque ak yon klasik, yo pa dwe repete okenn fraz mizikal pandan odisyon an.

a. Egzekite yon pyès Baroque- ou pa oblije memorize l

Nòt: yo sijere yon pyès peryòd Baroque ki soti nan liv sa yo:

Nenpòt nan 15 Sinfonias –J.S. Bach

b. Egzekite yon pyès peryòd klasik, Haydn Sonata, de memwa

The Dept. of Multicultural Education Translation Team certifies that this is a true and faithful translation of the original document. (561) 434-8620 – September 2018 – SY181325 10

Nòt: yo sijere yon pyès peryòd klasik ki soti nan sa yo:

Sonata an G Majè, Hob.XVI/27, Sonata an e minè, Hob.XVI/34, Sonata an D Majè, Hob./37, Sonata an b minè Hob./32, Sonata an G Majè, Hob.XVI/39 ak Sonata an D Majè, Hob.XVI/33.

3. Lekti patisyon: y ap bay elèv la patisyon mizik la nan odisyon an.

Nòt: Yo rekòmande pou elèv yo pote youn oswa de (2) liv orijinal mizik yo nan odisyon an.

The Dept. of Multicultural Education Translation Team certifies that this is a true and faithful translation of the original document. (561) 434-8620 – September 2018 – SY181325 11

Odisyon pou Teyat

Elèv seksyon teyatral Bak MSOA yo pral etidye epi eksplore tout aspè nan pwosesis teyat la. Atravè etid nan

klas ak repetisyon nan estidyo, yo pral fòme elèv yo nan domèn pèfòmans aktè ak teyat mizikal, kostim,

mizansèn, teknik teyatral ak direksyon teknik. Anplis, y ap aprann prensip sou pwodiksyon teyat, istwa teyat,

ekri pyès teyat ak apresyasyon piblik la.

Odisyon pou Teyat Konsidere sesyon odisyon sa a kòm yon seminè teyat: tout sa yo bezwen se elèv ki

enterese epi ki vle demontre abilte yo atravè aktivite atelye travay yo. Paran ak elèv yo ta dwe konnen tout

pwosesis la kapab pran jiska dezèdtan edmi, ki enkli oryantasyon pou odisyon an, egzèsis aktè, evalyasyon

lekti tèks oswa chanson.

Preparasyon pou Odisyon Teyat

Pa gen okenn preparasyon espesifik pou Odisyon Teyat la. Elèv yo dwe vini abiye pou yo kapab deplase alèz:

talon plat, soulye fèmen devan, abiman evaze tankou mayo, shòt jimnastik, abiman dans modès oswa

konsèvatif, rad yoga oswa rad egzèsis akseptab. Pa mete Abako oswa bijou.

Pandan Odisyon an, elèv yo ap patisipe nan sa ki anba la a:

1. Egzèsis Entèpretasyon: Yo pral matche elèv yo avèk youn oswa de (2) lòt elèv pou egzèsis odisyon sa

a. Yo pral jije chak elèv dapre pwòp travay li. Elèv yo pral gen 10 minit pou yo kreye yon sèn kredib ki baze

sou yon tèks orijinal tou kout y ap ba yo. Yo dwe memorize tèks la (men yo p ap bay nòt pou memorizasyon

an). Yon direktè teknik ap prezan toutan pou “soufle” jèn aktè yo chak fwa yo bezwen yon liy. Y ap prezante

sèn yo epi yon moderatè pral fè ajisteman, bay konsèy oswa lòt direktiv pou chak sèn, epi li kapab kanpe

sou kote pou l konseye pandan dezyèm prezantasyon an.

2. Lekti Tèks OSWA Chante yon Chanson

OPSYON A - LEKTI TÈKS. Y ap bay elèv yo yon tèks ki kout, epi y ap mande yo pou li l etan y ap chwazi

yon pèsonaj. Yap evalye elèv yo sou kapasite pou yo entèprete yon pèsonaj ak son vwa l epi fizikman atravè

mo li pwononse nan yon fason ki matche ak sa aktè a kapab aprann nan tèks la.

-OSWA-

OPSYON B – CHANTE: Yo pral montre elèv yo apeprè 16 ba (mezi) (mwens pase yon minit) yon chante

nan estil yon pyès mizikal Broadway. Yap evalye elèv yo sou kapasite pou yo entèprete pèsonaj la ak vwa

li epi fizikman atravè chante, nan yon fason ki matche avèk sa aktè a kapab aprann nan chante a.

Evalyasyon Elèv yo pou Odisyon nan Teyat

N ap evalye chak timoun sou potansyèl li kòm yon elèv teyat. Nou aplike kritè odisyon sou valè entrensèk elèv

la olye se senpleman fòmasyon/eksperyans pase oubyen konpetans li nan prezantasyon. Objektif elèv la se

koute, suiv direktiv epi, eksprime kreyativite li libreman kòm yon elèv teyat.

Y Ap Evalye Elèv la Selon Kritè ki sou lis Anba la a:

Vwa ak Mouvman (Entèpretasyon wòl ak Lekti yon tèks, oubyen Chante yon chanson).-Demontre kapasite pou entèprete yon pèsonaj ak vwa li epi fizikman nan yon fason ki matche avèk sa aktè a kapab aprann nan sèn nan oswa chan an. Gwoup Demontre kapasite pou travay an ekip ak volonte pou kolabore. Tande ak reyaji pou kreye yon sèn kredib, ansanm. Reyaksyon ak Antrènman-Demontre kapasite pou swiv direktiv, epi sèvi ak li pou chanje, korije, oubyen

amelyore kreyasyon yon pèsonaj/sèn kredib sou podyòm nan.

Kreyativite /Dispozisyon pou teyat-Demontre kapasite pou gen ide, eksplore posiblite, fè dekouvèt, ak fè chwa

The Dept. of Multicultural Education Translation Team certifies that this is a true and faithful translation of the original document. (561) 434-8620 – September 2018 – SY181325 12

efektif pou kreye yon pèsonaj, plas ak sitiyasyon.

Odisyon pou Atizay Plastik

Klas Depatman Atizay Plastik nan Lekòl Bak MSOA ofri se seramik, desen, penti, fotografi, eskilti, ak enprimri.

TANPRI, PRAN NÒT: Elèv yo pa ta dwe pote okenn travay atistik oswa materyèl nan jou odisyon an.

Tout travay atizay nan odisyon an dwe fèt ak kreyon desen epi gòm vinil sou papye blan ki fèt pou desen. Pati eskilti a ap fèt avèk yon paye estil papye afich, sizo epi tep transparan. Dire odisyon an se twazèdtan.

Lakay, elèv yo dwe prepare pou odisyon yo etan y ap travay avèk materyèl nou site anwo yo pandan y ap pratike desen ak eskilti.

Nan Odisyon an, elèv yo ap konplete tach sa yo:

1. Egzèsis Kreyatif: Y ap bay elèv yo yon seri desen ak ilistrasyon ki pa fini epi y ap mande yo pou konplete yo. Y ap mete aksan sou pwosesis kreyatif ak dènye chwa desen elèv la fè. Y ap evalye elèv la apati orijinalite, vizyon kreyatif ak ekspresyon pèsonèl. Anfaz egzèsis sa a se pou mezire kreyativite an konparezon ak abilite obsèvasyonèl ak teknik.

2. Desine Nati san Vi: Elèv yo ap patisipe nan yon klas atizana kote y ap bayo yon gwoup objè ki tou ranje tankou yon nati san vi. Alò, elèv yo ap konplete yon desen 2-D (2 dimansyon) objè san vi yo. Y ap jije aplikan yo selon abilite yo genyen pou kreye yon desen tèt koupe ak gwoup objè san vi yo prezante yo. Sa ta dwe enkli jan yo konprann pwopòsyon, plasman (relasyon espas ki genyen ant objè yo), dispozisyon desen an nan paj la, kalite liy ak/oswa makaj ak prezantasyon pou kreye volim. Nou swete wè elèv yo gen yon minimòm konpreyansyon sou valè ak nyans; men se pa pou konplete desen an ak tout nyans yo. Sa ta kapab enkli yon bon gam valè (omwen sis) ak abilte pou fè tranzisyon nan mitan yo. Elèv yo ap gen omwen 45 minit pou konplete travay la. Evalyasyon desen an ap enkli abilite elèv la pou li fè travay la nan tan limit yo ba li a, presizyon imaj la ak finisman travay la.

3. Egzèsis Eskilti

Elèv yo pral patisipe nan yon klas atizana kote y ap ba yo papye afich, sizo ak tep transparan. Y ap mande pou yo fè yon eskilti apati yon motif yo bayo. Y ap pèmèt elèv yo koupe objè a, koube, pliye, woule oswa itilize nenpòt kalite metòd konstriksyon yo vle pou fè eskilti a. Y ap evalye travay elèv la daprè abilte l pou kreye yon objè (3-D) ak twa dimansyon apati yon materyèl plat, teknik konstriksyon, estabilite ak konpetans li nan domèn nan.

The Dept. of Multicultural Education Translation Team certifies that this is a true and faithful translation of the original document. (561) 434-8620 – September 2018 – SY181325 13

Kèk Reyalite sou Bak Middle School of the Arts. • Bak MSOA se yon lekòl piblik ki sèvi 1380 elèv 6yèm, 7yèm, ak 8yèm ane ki plen talan • Bak MSOA chwazi elèv ki rete nan tout Rejyon Palm Beach la pandan li itilize yon

aplikasyon, odisyon ak pwosesis lotri. • Bak MSOA ofri yon ansèyman apwofondi nan domèn Syans Kominikasyon, Dans,

Mizik (òkès, enstriman akòd, pyano, vokal), Teyat ak Atizay Plastik. • Bak MSOA suiv menn pwogram etid jeneral yo itilize nan tout lekòl entèmedyè ki

nan Rejyon Palm Beach la.

Pwogram Edikatif

Bak Middle School of the Arts devlope enterè ak talan elèv yo nan syans atizay plastik, teyat, ak kominikasyon. Anmenmtan, li consevwa pou ranfòse disiplin akademik atravè yon apwòch entegre, entèdisiplinè ki mete aksan sou kreyativite ak ekspresyon atistik. Atis kap vizite, atis envite, ak konferansye yo entèaji regilyèman ak fakilte Boza pwofesyonèl ak elèv yo epi yo sipòte yo pou mete sou pye yon pwogram Boza tòp nivo. Genyen opòtinite pou pèfòmans nan tout nivo. Yon elèv Lekòl Èntèmedyè Boza BAK eksperimante yon balans ansèyman enkonparab nan atizay, ak eksperyans akademik eksepsyonèl. Anplis, Lekòl Entèmedyè Boza BAK ofri yon gam konplè aktivite sòti nan espò tonbe nan klib, ak pwogram gadri aprè lekòl. Genyen transpò gratis pou tout elèv ki nan pwogram nan. Kourikoulòm san Karyè Atistik Espò & Klib yo Kominikasyon oral/ekri Volebòl Matematik Baskètbòl Pwogram Onè Aljèb Bezbòl/Sòfbòl Pwogram Onè Jewometri Atletis Syans : Lavi, Fizik, Latè/Espas Foutbòl Fransè I ak II Majorèt Panyòl I ak II Jwèt Akademik Konpitè « Math Counts » Eksplorasyon Boza Ekip STEP Edikasyon Fizik S.E. Asosyasyon pou matematik ak jeni Istwa Jeneral Gouvènman Elèv Istwa Ameriken Sosyete Nasyonal Onè pou elèv 11yèm ane Sivik Sosyete entènasyonal Thespian pou elèv 11yèm ane Klib liv

Klib Ekip Resiklaj (Green Team) Wobotik

Diskou ak Deba Klib Konstriktè (Builders Club)

The Dept. of Multicultural Education Translation Team certifies that this is a true and faithful translation of the original document. (561) 434-8620 – September 2018 – SY181325 14

Kesyon Moun Poze Souvan…. K. Ki kote lekòl entèmedyè Atizay Bak (Bak MSOA) lokalize ? R. MSOA lokalize nan ès I-95 nan kafou Echo Lake Drive ak North Shore Drive anviwon senk blòk nan sid 45th street. K. Ki kondisyon yo enpoze pou admisyon ? R. Lekòl Entèmadyè Atizay aksepte enskripsyon pou elèv sizyèm, setyèm ak uityèm

ane. Paran ak aplikan an dwe abite aplentan nan rejyon Palm Beach la nan moman yo soumèt aplikasyon an.

Aplikan yo dwe patisipe nan yon odisyon pou ane yo aplike a nan youn pami senk domèn atizay yo. Pwosesis odisyon an varye soti nan yon domèn atizay ale nan yon lòt. Yo dwe suiv kritè odisyon yo avèk anpil atansyon pandan y ap prepare pou odisyon an. Kandida yo dwe pase odisyon Bak MSOA a pou yo elijib pou lotri seleksyon admisyon an. Adrès ki sou aplikasyon elèv la dwe menm avèk adrès ki nan sistèm dosye Distri a (SIS Gateway) pou yon elèv ki nan yon lekòl piblik Rejyon Palm Beach. Si gen diferans nan yon adrès ki egziste epi aplikan an pa korije li avan dat limit 1ye desanm 2018 la, yo p ap kontinye ak aplikasyon an.

K. Ki dire tan ant pwosesis aplikasyon ak odisyon an? R. Distri Lekòl Rejyon Palm Beach ap aksepte aplikasyon pou Bak MSOA apati 1ye

novanm 2018 pou rive 7 desanm 2018. Se sèlman yon aplikasyon yo kapab soumèt pou chak elèv. Pou aplikasyon sou entènèt, se yon sèl chanjman nan seleksyon pwogram ki kapab fèt avan 7 desanm 2018. Yo p ap pèmèt okenn chanjman apre yon elèv fin soumèt aplikasyon enprime sou papye.

Randevou pou odisyon yo dwe fèt fas a fas pandan sesyon enskripsyon pou

odisyon samdi 12 janvye 2019 la (gade nan paj 3). Elèv yo ta dwe kòmanse prepare pou odisyon an bonè tankou apati 19 janvye 2019. Odisyon yo fèt sou randevou nan mwa janvye ak kòmansman mwa fevriye. Y ap fè lotri seleksyon a an mas epi y ap voye avi nan 29 mas 2019 (dat sa a kapab chanje).

Fanmi/elèv ki vin abite nan Rejyon Palm Beach apre delè pou aplikasyon an dwe

kontakte Depatman Espesyalizasyon ak Opsyon Karyè nan Distri Lekòl Rejyon Palm Beach la konsènan pwosedi aplikasyon ki anreta ak posiblite pou opòtinite pou jwenn yon lòt opòtinite pou fè odisyon. Se sèlman elèv ki aplike alè yo ki pral pase odisyon diran peryòd odisyon k ap fèt an janvye–fevriye yo.

K. Konbyen chwa yon moun kapab fè nan Aplikasyon Pwogram Chwa a? R. Yo pèmèt ou fè youn oswa de (2) chwa nan Aplikasyon Pwogram Chwa

Espesyalizasyon an. Aplikan endike ki chwa ki premye preferans li ak ki chwa ki dezyèm preferans li. Yo kapab seleksyone de (2) chwa pou Bak MSOA. Sepandan, premye oswa dezyèm chwa PA gen menm chans pou yo seleksyone yo.

The Dept. of Multicultural Education Translation Team certifies that this is a true and faithful translation of the original document. (561) 434-8620 – September 2018 – SY181325 15

Kesyon Moun Poze Souvan…. K. Èske elèv ki pa genyen bonjan fòmasyon atistik kapab kalifye pou BAK

Middle School of the Arts? R. Y ap chèche elèv ki gen potansyèl oswa ki gen talan ki pa ko devlope yo menm

jan ak elèv ki deja gen anpil abilite teknik.

K. Èske yo egzije yon mwayèn jeneral pou yon elèv rantre nan Bak Middle

School of the Arts? R. Non. Yo aksepte elèv yo sou baz odisyon yo sèlman.

K. Eske gen akomodasyon pou elèv ki nan IEP oswa plan 504 la? R. Wi. Nan sesyon enskripsyon pou odisyon an, ou DWE pote yon kopi nouvo IEP

oswa plan 504 la epi vizite tab ESE a, yon fason pou kapab fè demann akomodasyon pou odisyon an. Elèv lekòl prive ki pa genyen IEP distri a oswa yon plan 504 kapab fè demann akomodasyon pou odisyon tou si paran an bay lekòl la dokiman apwopriye sou andikap elèv la pandan sesyon enskripsyon pou odisyon an.

K. E si anglè se dezyèm lang elèv la? R. Yo kapab bay elèv ki pale anglè kòm dezyèm lang yo sèvis tradiksyon. Paran

yo dwe kontakte responsab admisyon ELL lekòl la nan (561) 882-3819. K. Èske pwogram akademik Bak MSOA la ofri nivo kou ki varye? R. Wi, Bak MSOA ofri kou edikasyon espesyal, kou pou elèv ki trè entèlijan, kou pou elèv avanse ak kou regilye osibyen kou nivo segondè nan matematik ak lang etranjè. Elèv ki kite lekòl nou an aprè klas uityèm ane yo prepare akademikman ak atistikman pou anpil pwogram lekòl segondè. K. Èske yo ofri okenn klas akademik pou elèv ki idantifye kòm ESE? R. Wi, gen elèv yo idantifye kòm ESE ki nan lekòl entèmedyè Atizay Bak. Nou ofri

yon varyete resous eksepsyonèl pou elèv selon Plan Edikasyon Endividyèl yo. K. Èske gen transpò pou Elèv ki ale nan Bak MSOA? R. Wi. Distri Lekòl la bay transpò pou elèv ki abite nan Rejyon Palm Beach atravè

otobis lekòl oswa trenTri-Rail.

The Dept. of Multicultural Education Translation Team certifies that this is a true and faithful translation of the original document. (561) 434-8620 – September 2018 – SY181325 16

Vizite Bak Middle School of the Arts

1725 Echo Lake Drive West Palm Beach, FL 33407

Ki lè: 25 septanm – 4 desanm 2018 Maten yo chwazi, apati 9:00 a.m. rive 11:00 a.m. Sou randevou sèlman pou rezève yon plas, siyen sou entènèt nan

www.msoa.com

https://msoa.palmbeachschools.org

Nan kèk maten yo pwograme, apati mwa septanm, ou kapab vin lekòl la pou wè sa n ap fè ! Gade klas Boza k ap egzèse etan n ap deplase ale nan dans, pase wè Ansanm dyaz, voye yon je nan Atizay Plastik, rive nan kominikasyon epi pran wout Depatman Teyat. Pandan w ap vizite a, w ap tande vwa timoun yo nan Koral, w ap wè manch k ap vole sou kòd (vyolon/gita), gade devlopman abilte nan laboratwa Klavye epi jwenn tout enfòmasyon w bezwen konsènan lekòl nou an. Kòman pou w rive lekòl la: Pran I-95 rive sou 45th Street, pran direksyon lès epi kondui pandan 1 mil rive North Shore Drive (anfas estasyon Tri-Rail la); pran direksyon sid nan North Shore Drive. Vire adwat sou Echo Lake Drive. Bayè lekòl la sou men dwat ou. Lè w ap vizite Bak MSOA, tanpri suiv tout lwa sikilasyon yo epi respekte wout prive baryè garaj vwazen yo, lakou yo, sitou zòn gazon yo. Vil West Palm Beach entèdi pou moun estasyone machin sou gazon sou kote wout yo; yo kapab fè vizitè yo peye amann pou sa. Tanpri, estasyone kote ki fèt pou sa epi pran pasyans ak ofisye polis lekòl yo ak/oswa paran k ap ofri sèvis yo kòm volontè.

********************************************************

DISTRI LEKÒL REJYON PALM BEACH

DEPATMAN LEKÒL ESPESYALIZASYON AK OPSYON

KARYÈ

(561)434-8755

EKSPOZISYON LEKÒL YO POU ANE 2018 16 oktòb 2018

4:00 p.m - 8:00 p.m.

Expo Center nan South Florida Fairground

oswa